top of page

BYENVENI NAN GROUP ECH@NJ

«Konfyans – Pataje – Avantaj»

Vinn jwenn nou nan kominote komès, divètisman, kolaborasyon ak pataje nou an!

Jwenn bon dil, negosye, fè kontra, achte, vann, bay sèvis pwofesyonèl, kolabore avèk konfyans.

 

Dekouvri aktivite ak règleman fonksyonman nou yo. Kòmanse jwen avantaj epi ekonomize lajan depi jodi a!

VOKASYON NOU

Ankouraje komès sosyal

Misyon Ech@nj se bati konfyans ant vandè ak achtè, founisè ak benefisyè nan sèvis, tout kolaboratè nan yon inisyativ komen. Objektif li se ankouraje ak fasilite akò ak tranzaksyon ant moun oswa biznis, sou entènèt, offline ak sou medya sosyal.

Gift Wrapped

REKONPANS ECH@NJ

Anpil ak yon pakèt avantaj!

Nou rekonpanse ou pou prezans ou ak patisipasyon ou nan gwoup pataje nou yo atravè rezo sosyal. Poutèt sa, nou akòde ou pwen nan pwogram lwayote nou yo "Zetwal ech@nj" ak "Privilèj ech@nj".

Couple in Mediation

ENTÈMEDYASON ECH@NJ

Konfyans ke ou bezwen a !

Fè tranzaksyon ak lòt manm, menm si ou pa konnen yo. Benefisye de entèmedyasyon a ak garanti ech@nj la.

Online Shopping

KREDI REPITASYON

Kredi aksesib a tout moun!

Kenbe bon repitasyon'w ou kòm manm nan kominote nou an. Ogmante maj garanti ou pou tranzaksyon ou yo. Pran avantaj de kredi ke vandè ak founisè sèvis ki manm ech@nj ap ofri.

Shoe Shopping

SANT KOMÈSYAL ECH@NJ

Shopping ki peye!

Dekouvri tout bon zafè manm nou yo gen pou ofri, ak tout magazen ak ekspozan ki manm kominote ech@nj. Mete bagay pou vann nan gwo magazen nou an sou entènèt. Jwenn sa ou bezwen. Achte, vann, jwenn rabè epi touche pwen nan pwogram rekonpans nou an.

In a Meeting

GWOUP PATAJE

Jwenn rekonpans pou angajman'w !

Patisipe nan gwoup pou pataje enfòmasyon sou komès epi divètisman. Jwenn pwen Zetwal ak Privilèj ech@nj lè ou patisipe nan diskisyon, konfime prezans ou, reponn sondaj. Wap fè pwen tou lè ou genyen nan konkou, epi pou lekti anons piblisitè biznis ki ap sipòte nou yo.

Gifts

KATALOG REKONPANS

Tout rekonpans ke ou ta renmen genyen !

Remèt pwen ou yo pou'w ka jwenn bel atik ki nan katalòg rekonpans nou an. Ou ka jwenn tou: Bon pou achte, koupon rabè, sètifika kado, minit apèl nan telefòn, tikè raf, abònman gratis, plan sèvis ech@nj yo.
Ou ka bayy pwen ou yo oswa sipòte yon kòz ki tou pre kè ou.

Untitled

SÈVIS POU MANM ECH@NJ

Benefis adisyonèl lè wap achte sou  gwo sit entènet yo !

Ou ap chèche pou yon atik ki pa disponib nan sant komesyal ech@nj lan. Jwenn li nan nenpot magazen sou entènèt ke ou renmen nan Etazini, epi kite Sèvis asistans Ht Toupatou jwenn pi bon avantaj pou ou. Lap soumèt ou yon fakti proforma, epi si ou dako, lap fè acha an pou ou, epi pran swen nan enpòte ak livrezon atik la nan kay ou.
Sonje ou touche pwen ak chak acha sa yo tou.

Girl Time

OPOTINITE SOU ECH@NJ POU JÈN YO

Tan'w vo lajan !

Envesti tan ou epi jwenn anpil avantaj nan nouvo ekonomi an. Jwenn okazyon bayy tet ou travay epi  fè kob nan Group ech@nj. Travay kòm yon enfliyansè, animatè gwoup, pwomotè maketing afilye, pwodiktè kontni, manadjè magazen sou entènèt, vandè, devlopè app, konseye, fomatè, elatriye.

Car Service

VANDÈ AK FOUNISÈ SÈVIS ENDEPANDAN

Negosye avèk konfyans!

Èske ou ta renmen achte yon pwodwi oswa jwenn yon sèvis ke yo ofri ak garanti ech@nj la, ansanm ak pwen nan pwogram rekonpans nou an? Chèché nan seksyon afilye yo, magazen ak founisè sèvis ki se manm kominote ech@nj la.

Untitled

Konekte sou kont ou

Veye zafè'w !

Verifye pwen ke ou akimile yo, transfere pwen ou yo, antre nan yon akò ak yon lot manm, bay fidbak ou apre yon tranzaksyon, sèvi ak liy kredi ou, bayy yon pwoch ou jaret nan kredi.

Vinn jwenn nou nan Gwoup ech@nj !

Home: Categories
Casual Meeting

An nou pale

Mèsi pou mesaj ou!

Home: Contact
bottom of page