Li trè senp pou ou enskri kòm manm Kominote ech@nj.
Ou annik klike oswa tape sou lyen sa'a:
https://www.echanj.co/register
Ak enskripsyon ou, nap ouvè yon kont rekonpans ak fidelite pou ou.
Ak kont sa'a, wap ka akimile pwen Zetwal pou prezans ou, pataje ou ak piblikasyon ou nan gwoup nou yo.
Wap ka patisipe nan konkou kesyon repons, jwèt sou gwoup nou yo, paryaj, sondaj elatriye.
Ak pwen yo wap ka patisipe nan tiraj chak mwa nan kominote an e wap gen posibilite konvèti yo an pwen Privilèges pou jwenn de avantaj kouwè rabè kay komès ki patnè kominote an, pou sèten evènman, pou jwenn prim ak kado, minit apèl ak plan entènèt.
Manm ki pa twò enterese jwenn prim ka toujou itilize pwen yo pou fè don pou ankouraje divè inisyativ sosyal ke kominote an ka òganize.
Pwen yo esansyèl tou pou pwogram garanti ak kredi/repitasyon lè wap fè tranzaksyon ak lòt manm ke ou pa abitye, oswa pou aksede a plizyè sèvis ki disponib nan kominote an.
Patisipasyon a pwogram Zetwal ech@nj lan gratis. Sèl sa ke nou espere de manm nou yo se atansyon yo, motivasyon yo ak kolaborasyon pou ede kominote an grandi, pou li pi dynamik ak pou li pi anrichisan.
Enskri jodia menm pou kòmanse jwenn avantaj !
Ech@nj :
Konfyans, pataje, avantaj !