Jwèt Bingolotto, se yon aktivite ki pèmèt ou miltipliye rapidman pwen ke ou genyen nan Kominote ech@nj.
Ou kapab parye yon kantite pwen epi si ou genyen, ou ka jwenn jiska 50 fwa valè pwen ke ou parye an.
Fòk ou nan yon gwoup nan espas Bingo ak Blag pou ou ka patisipe.
Jwèt sa'a kouwè yon bolèt ki gen 5 lòt ladan'l.
Moun ki genyen premye lot yo jwenn plis pwen ke sa ki genyen nan lòt lot yo.
Kijan pou patisipe :
1) Dabò fòk ou gen kat Bingo ou.
Ou ka itilize nenpòt kat bingo ke ou jwenn, men nou konseye'w sèvi ak yon App pou ou ka maké kaz yo pandan ke boul yo.ap tonbe.
App ke nou rekòmande an rele Bingo Cards.
Pou moun ki gen telefòn Apple, yo ka jwenn li sou Appstore nan adrès sila :
https://apps.apple.com/us/app/bingo-cards-by-bingo-at-home/id954591326
Moun ki gen telefòn Android ka jwenn li sou PlayStore nan adrès sa'a:
https://play.google.com/store/apps/details?id=es.bingo.cartonesbingo
2) Yon fwa kew finn telechaje li, ouvè li epi chwazi Bingo 75.
3) Animatè an ap kòmanse ak senkyèm lot an pou rivé nan premye lot.
Avan li lanse boul yo, li ap mande tout moun ki vle parye, konbyen pwen yap parye.
4) Pou chak lot, animatè an ap lanse boul yo e 3 nimewo ap sòti.
5) Gadé sou kat Bingo ou yo si ou genyen nimewo sa yo. Si'w genyen, maké kaz la.
6) Selon ke ou vini gen 2 oswa 3 kaz ki koche sou menm vètikal la, menm orizontal la oswa menm dyagonal la ( Oblik ki ale de yon kwen nan kat la a lòt kwen an) wap genyen yon kantite pwen san parye, oswa yon miltipliye de kantite pwen ke ou parye an, ki ka rivé jiska 50 fwa kantite ke ou parye an.
7) Tcheke post nou an sou règ Bingolotto pou ka konnen konbyen wap genyen nan chak ka.
Se très bien